Ayiti se zafè nou tout li ye e se ansam nou ka sove l.
Si nou renmen peyi nou vrèman, se premye plas nou dwe bali. Nan tout lot peyi, kote ki gen moun, kote ki gen elit, kote ki gen moun ki ap panse peyi, nou pap janm ka wè debandad konsa, ap brase, tout trip yon popilasyion . Se pa Ayiti ki modi, jan anpil moun panse l la, Se nou ki ensanse, ki apatrid, ki aferis, ki refize peyi ya fè yon pa nago yon pa kita, sans kolektivite ya pa antre nan moralite pou nou menm. Nou ap bwase yon peyi jis pou frape ego nou, zafè si popilasyion an, ozabwa, mal de parèt nou an pi fô ke tout yon peyi. Se nan repiblik de banana sèlman ou ka temwen de pouriti konsa. Demokrasi pa nou an se zouti pou nou maspinen popilasyion an, sèvi avek mank de savwa li, pou nou fè kapital sou do li. Si sete peyi nou te wè, nou tap rasanble nou dèyè prezidan peyi ya, ankadre politik li yo e travay pou yo ateri kom sa dwa, men se batay nou ap batay anpeche li arive konstwi anyen pandan yon popilasyion ap vejete, ban-n san konsians. ...